TI RIVYÈ YON TI VIL KAP GRANDI

Partager cet article

TI RIVYÈ YON TI VIL K AP GRANDI


Pandan kenz dènyè ane yo, nou konstate genyen anpil chanjman ki fèt nan fason peyizan
yo ap panse nan Ti Rivyè Latibonit. Nou kapab di chanjman say o kòmanse fèt pou sòti
nan lane 1990 pou rive nan lane 2000.Kote ke genyen anpil aktivite kiltirèl ak sosyal ki
kòmanse disparèt. Pa egzanp nan tan lontan depi li lan nwit preske tout kalfou ak tout
chimen se bagay yo kite resève sèlman pou bann chanpwèl ak bizango sa moun yo te ka
rele sosyete sekrèt la.


Nou te konn wè tou nan kèk kalfou ; mayi,pwa ,diri,lajan,poul oubyen kòk.(poul la oubyen
kòk la yo itilize li pou fè espedisyon oubyen ranvwa ).


Youn nan pi gwo enpak bagay sa yo te genyen ,depi ou wè yo ou pè; sa montre ke
lontan genyen yon pakèt bagay peyizan yo te konn fè ,ki pa fèt ankò .


Kouman nou ka esplike transfomasyon fenomèn sa yo? Eske se paske vi a chè ki fè bagay
sa yo pa fèt ankò? Eske nou ka pale de fenomèn akiltirasyon an nan ka sa? Nou
panse ke tout keksyon sa yo bon pou poze epi tout yo kapab sijè yon rechèch.


Yon lòt bagay ankò ki parèt etonan sèke nan tan lontan moun te wè trè mal bagay
yo rele mòg la nan tirivyè paske depi gen mòg moun ap mouri chak jou .

Nou raple
nan lane 1988, gen yon rimè k’ap kouri di antrepriz Beaubrun ap vinn mete yon mòg
nan tirivyè, yon sèl kou gen sèl bri nan lari a : « nèg sa yo se pa de moun yo pa
manje sen mak pou mòg la ka fè kòb ». Nou raple nou jis nan lane 1992, pat genyen
mòg tirivyè , tout moun ki mouri oblije antere sou plas oubyen ou pote mò a
glase Sen Mak.


Poutan jounen Jodi a nou ka konte jiska 4 mòg nan kè vil la (Villa Altagracia, Zénith,
Infiniti, Chapelle Lumière, etc) donk moun pa mouri jounen Jodi a pou yo pa mete li
nan mòg . jounen Jodi mò glase ak mizik fanfa nan antèman vinn yon grann mòd nan
Tirivyè.


Egzanp sa yo nou sot bay la montre ke peyizan yo wè vi a yon lòt fason . Sa tradwi tou
rantre nan modenizasyon an lakay peyizan yo.


Jounen jodi a nou wè peyizan yo pa genyen twòp enterè nan zafè jaden, si peyizan an
aksepte travay latè menm lè sa pa ta rapòte li gran choz se paske li pa genyen anyen pou
li fè. Donk a kòz manke enterè nan zafè jaden fè peyizan an oblije desann lavil pou chache
yon vi miyò. Sa nou te ka rele nan langaj syantifik « fenomèn migrasyon an, ou byen egzod
riral ».


Avèk fenomèn egzod riral la nou konstate gen yen anpil ti kay k’ap konstwi nan zòn
periferik vil la. Nou ka site kòm egzamp Lopital Charles Colimon, nan lane 1985 te twouve
li nan limit Ès vil la, jounen jodi a plase nan sant vil la. Sa montre tou kouman vil la pran
yon ekztansyon ki depase.


Zòn Fort Crête-à- Pierrot, lontan ki te izole, yon zòn moun yo te konn jete fatra , avèk
fli migratwa peyizan yo, nou ka konstate ke zòn nan finn konstwi nèt (kay anachik)
e byento Fò a genyen pou li nan sant vil la tou.


Pou nou fini, nou ka di transfomasyon sosyokiltirèl sa yo nou obseve nan Tirivyè Latibonit
soti nan sa nou te ka rele modènite a sitou avèk migrasyon peyizan yo nan Pòtoprens avèk
kelke peyi etranje (Sendomeng, Etazini, Kanada, etc) lè sa peyizan an adapte li ak yon seri
de valè ke moun la vil yo genyen; li vini genyen yon lòt estil de vi ki konfòm avèk milye lap
viv la.


Bagay sa yo oblije nou mande eske pa genyen mwayen pou anpeche peyizan yo deplase?
Pouki sa leta pa ankadre yo nan aktivite kilti a ?

14 dawout 2007

Beaudevert Joseph, Citoyen Engagé

Partager cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Retour en haut

Bonne fête des mères